Nanou - Richie

Nanou - Richie

  • Año de lanzamiento: 2020
  • Idioma: ht
  • Duración: 6:12

A continuación la letra de la canción Nanou Artista: Richie Con traducción

Letra " Nanou "

Texto original con traducción

Nanou

Richie

Yo di m' ke tout venn sansib touche kè

Hier soir m' dòmi m' reve Marlène

Istwa manman Nanou

M' konnnen l’ap tande nou

Ki twouve Potoprens twò di

Fò l' pati pou l’al chèche lavi

Li vin Etats-Unis

Ranje papye li fè Nanou rantre

Nanou rive, li jwenn manmi l' marye

Tifi nan laj te gran

Li fèk gen 17 ans

Manman al travay you jou

Bòpè a manyen Nanou

Olye manman pwoteje l'

Se lage li lage l' pou mari a pa kite l'

Tou sèl, li nan lari tou sèl

Ak you cyclone nan kèl

Sa se pa you bon nouvèl

Li pa bèl

Ou pito pèdi l' manman

Paske w' pat vle pèdi nonm lan

Men se sa ki rive, manmi abandone l

Anpil foyer gache, lè timoun pa priorize

Paran k’ap ranplase konn moun n’ap frekante

Nanou nan lari ap chèche kòb

Li kite lekòl al chèche job

Se you avni ki gache

Manman eske w' tande

Pouki se bòpè a ki achte

Se Nanou ki peye

Lavi des fois pa juste

Gad gwosè you injustice

Ou pito pèdi l' manman

Paske w' pat vle pèdi nonm lan

Men se sa ki rive, manmi abandone l

Anpil foyer gache, lè timoun pa priorize

Paran k’ap ranplase konn moun n’ap frekante

Manman Nanou (Gade sa w kite bòpè a fè)

Manman Nanou (Manman Nanou, ala mechan w' mechan)

Manman Nanou

Nonm lan vyole pitit fi w'

Epi w' chwazi l' pou fè vi w'

Lè n’ap ranplase moun, konn moun n’ap frekante

Manman Nanou

Ou mete li deyò

Malgre li pa antò

Manman Nanou (Ou mechan manman Nanou, w’anraje)

Manman Nanou

Manman Nanou

Manman Nanou

Richie 10 ans parfait, bon bagay

Más de 2 millones de letras

Canciones en diferentes idiomas

Traducciones

Traducciones de alta calidad a todos los idiomas

Búsqueda rápida

Encuentra los textos que necesitas en segundos